Chez Ba

Ayiti: KITA NAGO, pou fè nou sonje ki moun nou ye – Rapadoo Observateur!


Nan yon peyi kote ki gen tout kalite pwoblèm, nan yon peyi kote sa yo rele chen manje chen an ap vale teren, nan yon peyi kote mo ki rele fratènite pa egziste, nan yon peyi kote se chak koukouy klere pou je yo, depi premye Janvye 2013 gen you fenomèn, yon lide, yon evènman, yon KITA, yon NAGO ki ta sanble pi popilè nan moman an pase tout lòt bagay.

KITA NAGO se lide youn nan gwo pitit peyi Dayiti, tout moun rele l Mèt Fèy Vèt e li jwenn kolaborasyon anpil lòt gwo moun tankou Smoye Noisy pou m site sa sèlman. Se yon bout bwa akajou ki peze apeprè  500 kilo. Lide a, se kisa li ye ekzakteman? Se pote l ak men soti nan pwent Sid e rive nan pwent Nò peyi a. Pou nou pi klè, li soti Lèziwa ki se KITA a pou l rive Wanament ki se Nago a.  Nan moman n ap ekri tèks sa-a KITA NAGO nan wout pou l rive nan site Endepandans la ki se Gonayiv.

Nou toujou tande granmoun lontan repete fraz sa-a souvan sitou lè yo move: « mwen pap fè yon pa KITA, yon pa NAGO », sa vle di yo pap fè wonn pòt. Pou lide  Mèt Fèy Vèt la , pwovèb sa-a, konsèp sa-a ap chanje, paske se yon Bwa ayisyen ap pote soti nan yon zòn pou ale nan yon lòt zòn, anviwon 700 kilomèt.

Depi kote yo demare ak pwojè sa-a se kontantman toupatou e chak kote li pase se tout moun, granmoun kou timoun, pè, pastè, vodouyizan, pik kou mawon, zannanna kou pengwen ki bezwen wè l e ki bezwen touche l oubyen pote li. Jan Mèt Fèy Vèt di l la si li menm li fou, lide a pa fou. Nou tande anpil moun ki pale, ki apresye sa k ap fèt la e genyen anpe moun menm ki di se yon zafè Vodou. Ou ta menm poze kesyon pou ou di èske oubyen depi kilè Ayisyen te pè zafè Vodou  konsa? Gen de kote nou wè gen moun k ap goumen  pou yo pote KITA NAGO e moun monte sou tout pyebwa e menm sou pilòn elektrik pou yo ka wè li. Nan zòn Akayè nou te kontan pou nou te wè yon timoun ki bo bwa sa-a de fwa. Gen de kote se ak kout tanbou, vaksin yo resevwa li. Èske nou poze tèt nou kesyon pou kisa? Èske nou mande tèt nou pou ki sa-a KITA NAGO trennen tout pil pakèt moun sa-yo deyè li?

Anvan mwen tante reponn kesyon sa-a mwen pa kwè mèt lide a, Mèt Fèy te kwè inisyativ li a t ap reyisi konsa. Lakay nou depi you moun gen yon lide oubyen yon pwojè nan menm estil KITA NAGO a, yo di li fou oubyen yo di li anvi fè politik. Mezanmi si m manti di mwen manti: si KITA NAGO se yon bout bwa, jan yo di a, ki soti nan Grandans pou l ale nan Nò e Ayisyen aksepte l e akeyi l ak kout tanbou, banbou, sa vle di, yo wè tèt yo ladan l. Yo konprann, inite posib e reyalizab, yo konprann lè yo mete tèt yo ansanm gen anpil anpil bagay ki ka fèt, yo konprann gen de bagay yon grenn moun pa ka reyalize. Mezanmi, nou wè depite, majistra, senatè ki kore mouvman sa-a, e menm prezidan an ak premye minis la vin sipète mouvman an. Sa vle di KITA NAGO se yon kòmansman, yon entwodiksyon pou fè nou pran men nou.

kita-nago-policiersMalgre nou pòv, malgre yo mete nou pami peyi ki pa bon ditou yo,  nou ka fè sa-a ki bon. Nou bliye si nou te mete youn nan pi gwo lame nan moman an deyò pou nou te ka pran endepandans nou, nou bliye pafwa si nou se premye ti peyi nèg nwa ki te premye pran endepandans, nou bliye twò fasil.

KITA NAGO ta sipoze yon boustè, yon antidòt, yon medikaman, yon bouyon ki  gen tout kalite fèy ladann, yon manje lèzanj, yon rasanbleman, yon kòve, yon kout vaksin banbou, yon kout lanbi pou fè nou sonje ki moun nou ye. Ayiti rive nan yon bout tout moun pè paske yo panse yon bon maten bato sa-a ap koule. Pou ou menm k ap dirije, pou ou menm ki senatè, depite azèk, kazèk, majistra elatriye, pou ou menm ki Ayisyen KITA NAGO pote pou ou yon mesaj ki di: sispann panse pou tèt ou, sispann kraze brize, sispann vòlè, sispann rayi ayisyen kibò kote w, sispann chen manje chen sa-a. Li lè li tan pou nou mete tèt nou ansanm pou nou sove Ayiti, ki se manman nou tout; e si nou pa fè l, nou genyen pou nou kriye e lè sa-a pa genyen moun k ap ka ede nou.

Se pou lide KITA NAGO a travèse tout ayisyen san distenksyon, se pou l fòtifye nou e fè nou sonje lè nou mete tèt nou ansanm nou ka fè sa-a okenn nasyon nan mond lan poko janm fè.

Gerald Toussaint, Rapadoo Observateur Contributor

2 replies »

  1. Mwen renmen atik Gerald Toussaint, pou mwen kore li mwen lage ti enfòmasyon sa a pou moun ki vle.

    Yon kle pou Kita, yon kle pou Nago.
    Avèk Bwa a y ap pòte sòti Lèziwa pou yo monte rive jouk Wanament, Ayisyen ap rekonsilye avèk tèt yo san yo pa remake sa. Lè yon Ayisyen di li pa p “fè yon pa kita, yon pa nago”, sa vle di li deside pou li pa fè anyen kèlkanswa pri sa koute. Jisteman, nan mitoloji vodou a, Kita se yon lwa Ayisyen sèvi sou rit Petwo. Moun pa jwe avèk lwa Petwo, espesyalman Kita, ki pa asepte pou sèvitè fè okenn neglijans nan respè angajman yo ak nan fason pou yo sèvi li. Moun ki rekonèt li pa ka swiv egzijans Kita yo oblije bòne lwa a paske Kita pa nan jwèt. Akote lwa petwo yo, nou te ka mete lwa rada yo, ki pi konsilyan avèk sèvitè yo paske se plis nan amoni yo chache solisyon pwoblèm moun ka genyen ak moun parèy yo. Kote Petwo a ap bay sèvitè a zam pou li koresponn ak lenmi li, rada a ap vin avèti sèvitè a nan dòmi, l ap fè l kase pye l pou li ka kase tèt tounen, pou li pa kontre ak malè a. Men akote lwa rada yo, nou genyen tout fanmi lwa Nago yo. Malgre pifò lwa Ogoun yo sòti nan nanchon Nago a, fon tanperan nèg Nago a se tolerans si nou vle diplomatik, pou nou ta pi klè, fòk nou ta di tanperaman Nago a se yon tanperaman sitirè. Men Nago a pa sitirè paske li se yon elefan dou, Nago a sitirè paske se plenyen l ap plenyen anba chay lavi a mete devan pye l, paske tout moun neglije l. Konsa, nou ka konprann nan ki kontèks mitolojik, Ayisyen ap di : li “pa fè yon pa kita, yon pa Nago”, sa vle di : kit li anfas nèg ki pa bay chans la (Kita), kit li anfas sitirè a (Nago) ki pa ka fè l repwòch la, li pa p aji.

    Tou sa nou di la a, se pou nou konkli mitoloji a se pwodiksyon ideyolojik ki sòti nan yon sosyete. Nan ka pa nou, nou menm Ayisyen, zansèt nou yo kreye pwòp sistèm ideyolojik yo, yo kopye sou reyalite lavi a. Mwen ta renmen fè Ayisyen, k ap pote Kita Nago, remake pa gen anpil pèp sou latè k ap mache ak pwòp sivilizasyon yo anba bra yo. Sa sèlman se yon rezon pou nou pa bay pèpè ki vle kraze peyi a legen.

    Pierre M. Chéry

    Like

    • Mesi anpil Chery pou bel kontribisyon w sou atik Gerald Toussaint an. Jan w konstate li, se yon atik ki ede moun, patikilieman ayisyen konsekan yo, brase lide e fouye nan pwop tet pa yo pou rive jwenn solisyon pwoblem peyi a. Pandan n ap cheche solisyon deyo fontie n, Kita Nago fe nou reflechi sou ki moun nou ye, ki kote nou soti, e ki fos nou toujou genyen jiska prezan. Ti konteks sa ou ba nou la a, pa selman louvri nawe n sou pelerinaj Kita Nago a, men tou li eklere lespri nou e fe nou poze anpil kesyon sou enpotans mouvman popile sila. Nou remesie w anpil pou ankourajman ou ban nou, paske chak fwa ou vizite Rapadoo Observateur, se yon paket koze. Mwen pa bezwen di w le w pran tout tan sa pou fe ti rale sila sou yon istwa ke majorite nan nou bliye, o si non, neglije. Nou espere ke wap toujou ran n nou yon ti vizit de tanzantan.
      Mesi.

      Like

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Google photo

You are commenting using your Google account. Log Out /  Change )

Twitter picture

You are commenting using your Twitter account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.